"AVÈK 3A DEPRESYON PAP DETWIM"

ANN ALE ANSANM 
​​​​​​​​ANN ALE ANSANM se yon platfòm ki la pou ede moun ki ap goumen ak depresyon, ki/kap sibi asèlman, ki bezwen yon moun pou pale.

ANN ALE ANSANM kreye nan lide pou genyen mwens moun kap viktim chak jou e ki ta renmen gen yon vi nòmal. Nou la pou ou, fè nou konfyans kite nou ale ansanm avèw pandan nap respekte vi privew.

Pa bliye asistans lan gratis deja ANN ALE ANSANM ap diw byenvini nan fanmi an.


  • ANN ALE ANSANM  gen pou objektif pote èd sikolojik bay tout moun ki/kap sibi asèlman nan lekol yo, nan travay yo oubyen sou rezo sosyal yo. 
Moun ki sibi vyolans seksyèl ak vyolans vèbal pa gen anyen ki genyen plis enpòtans pou nou ke sante mantal ou.Se pou rezon sa nou deside  kenbe menw e nou epi vle montrew enpotans ke ou genyen nan zye nou tankou nan tout mond lan.

Siw bezwen èd sikolojik ANN ALE ANSANM la pou ou e asistans lan gratis jiskas  ke ou reprann ou.

Avèk ANN ALE ANSANM DEPRESYON PAP DETWIM

DEPRESYON

Depresyon se yon fenomèn ki pa sispann fè pale de li tout kote nan mond lan, chak jou ki pase anpil moun sou latè kontinye ap viktim anba depresyon; Se pou sa platfòm 3A deside kenbe menw, li vle ale ansanm avèw, pou edew reprann gou lavi vini nan bèl fanmi sa se yon chans ou bay tèt ou pou avanse e briye chak jou.

ANDIKAPE YO

Viv nan mond sa jodya avèk yon andikape pa fasil . Anpil fwa ou konn sibi diskriminasyon, ou Konn menm santiw sèl nan mond paw lan, ebyen apati jodia ou pa pou kont ou ankò paske platfòm ANN ALE ANSANM deside kenbe menw e vle fè w Konnen ke ou ka briye plis chak jou malgre andikap ou.

TI MOUN YO

Ti moun merite respè, kè kontan ak lanmou paske se pa sèl granmoun yo ki sibi depresyon ti moun yo konsène tou, se pou sa ANN ALE ANSANM pa neglije voye zye gade ti moun yo . Ou genyen yon ti moun ou pa konprann konpòtmanl ? kontakte nou gratis nap asistew ak li paske yo se demen peyi yo.

Avèk 3A sourim garanti.

Fè nou konfyans vi privew se priyorite nou.

*
*
*
*
KANPAY ZEWO DISKRIMINASYON 🚫
Ansanm nou kapab Di non ak diskriminasyon.
Fè videyo paw lan pou di ou kondane diskriminasyon ak tout fòs ou jodia menm.

​Voyel sou WhatsApp nou oubyen email nou.​​​

I BUILT MY SITE FOR FREE USING